Nou pa dako pou Tony Mix anbasade la kilti


Visiteur

/ #194

2016-07-04 23:10

Kisa Tony mix ye pou li ta anbasadè kilti ayisyèn? Ki kote li te resevwa yon kou kilti ayisyèn? Aaaah, moun ki etidye kilti ayisyèn nan peyi a, ki pran yon kou kilti ayisyèn nan yon fakilte andedan peyi a ki rele "fakilte Etnoloji", pa anbasadè kilti ayisyèn. Kounye a se yon ti vagabon ki vin menm kraze sa ki rele kilti ayisyèn yo wè pou yo vin pwoklame anbasadè kilti ayisyèn avèk yon pakèt betiz, yon pakèt bagay moun pa menm konprann ti moun ap repete nan sosyete a. Kidonk, tanke se prizon nou rezève pou yon sanzave konsa se onore nou onorel? Aaaah tout moun serye ki genyen yon tikras valè ak etik, mèt kite peyi sa a...