LAVI AN DANJE 10 MIL SIYATI POU SOVE LAVI

Quoted post


Visiteur

#37

2016-05-08 23:36

Medsen pa dwé an grèv. Yo ka ap travay ak yon efektif redwi. Men fo gen doktè ki pw wè malad yo. Sitw nan péy lakay doktè nw yo aprann profésyon sa gratis. Nan péy koté map viv la lè w fin doktè e w té al nan univèsité isit, w tap dwé twt chévé nan tèt w

Réponses

etudiante en medecine frustree, en colere et fatiguee

#83 Re:

2016-05-09 12:59:36

#37: -  

 en Haiti tout moun pa aprann medsin gratis. pale sa nou konnen. se pa fakilte leta selman ki bay dokte. saw fe ak tout sa ki aprann medsin nan inivesite Lumiere,Notre Dame, Quisqueya ak Fondation Aristide? et memsi nou te aprann medsin gratis? fok nou aksepte opere, fe akouchman san materryel? nan fe nwa? fok nou aksepte mete pasyan an ate nan malpropte pou nou swadizan pran swen li? fok nou aksepte mete lavi nou andanje chak jou paske nou menm tou nou ekspoze a maladi nan lopital yo paske nou pa byen ekipe? oubyen paske paran pasyan ap menasew paske li konpran ke se vle nou pa vle ede yo? fok nou aksepte ke apre tout ane etid sa yo nou pa gen on salaire desan pou o mwen nouri tet nou san ed paran? eske ou konnen ke si on timoun 18ans antre nan medsin fol fe 6ans nan medsin, 1 an entena, 1an sosyal e pou pi piti 3 zan residans? sa vle di li fe 11an ap etidye e a 29an li pa kapab okipe tet li paske salaire li mizerab! 

tout medsen,yo pa nan grev. kote medsen de service yo ki pa nan grev yo? pouki yo pa resevwa pasyan yo? eske ou konnen ke anpil nan yo pa la  paske fok yo chache lavi andeyo de lopital yo? siw gen on fanmi ou zanmi nan medsin e ki gentan omwen ap fe staj fe li palew de reyalite lopital piblik  nou yo. moun ap mouri menm leu nou pa nan grev paske pa gen gan, pa gen anestezi, pa gen kouran, pa gen sereng etc. lopital piblik yo neye anba det, yo paka peye founisè medikaman ak materyel. donk yo paka peye netwayaj tou. 

mwen envitew vin Chancerelles on jou pou wè eta sal akouchman yo.Odè lopital lan selman ap baw repiyans.