POU YO AJOUTE SIKOTERAPI NAN LIS SÈVIS ASIRANS SANTE YO AK SÈVIS SOSYAL YO


  1. PETISYON:
    Se pou yo ajoute sikoterapi nan lis sèvis
    asirans sante yo ak sèvis sosyal yo.
    Pou siyen petisyon sa, ou dwe konplete 3 etap sa yo :
    1. Ranpli fòmile a ki anba tèks petisyon an avan ou voye l ale ( ou dwe aksepte kondisyon
    ke w dwe respekte yo pou w siyen petisyon an avan ou voye l ale).
    3. Nan mesaj sa, klike lyen ki ap pèmèt ou anrejistre siyati w
    W ap ka siyen petisyon sa yon sèl fwa.

  2. TÈKS PETISYON AN

  3. Lè n konsidere ke sikoterapi se yon sèvis ki nesesè nan zafè medikal epi ki rekonèt tankou yon
    tretman efikas men m jan ak lòt medikaman nan tretman pwoblèm sante mantal chak jou yo
    tankou depresyon ak anksyete ;

  4. Lè n konsidere ke moun k ap viv ak pwoblèm sante mantal yo ta vle fè chwa nan sa ki gen ak wè
    ak tretman efikas yo, ke seswa medikaman oubyen sèvis sikolojik e sikoterapi ladan l ;

  5. Lè n konsidere ke gen posiblite pou al nan sikoterapi a se pa on bagay ki posib pou tout moun,
    anplis majorite Ayisyen pa gen lajan ase oubyen asirans ki ba yo posiblite itilize sèvis sa yo;

  6. Lè n konsidere ke pwoblèm sosyal yo, politik ak ekonomik yo gen move efè sou lavi nou ak
    fanmi nou oubyen sou tout sosyete a, ke seswa pou yon ti tan kout, pi long oubyen pou anpil tan
    lòske pwoblèm sa yo pa trete ;

  7. Nou menm ki siyen petisyon sa, mande ak Gouvènma an pou yo mete sèvis sikolojik, sitou
    sikoterapi nan lis sèvis sante yo ak sèvis sosyal moun asire yo piblik tankou prive.SOHSAM_20171218_0004491.jpg

  8. Dat limit pou siyen se : 30 Avril 2017
    Nonb siyati : 5 000 

SOCIÉTÉ HAÏTIENNE DE SANTÉ MENTALE    Contacter l'auteur de la pétition