Siyen pou nou sove Daly VALET. ASE !!!

Nou menm jèn gason ak jèn fanm nan peyi dayiti, ki rete atache ak valè demokratik nan peyi a, ki kwè ke lajènès bezwen moun ki pou modèl li nan peyi a. Nou mande pou Daly VALET ki se yon modèl nan peyi a retire tèt li nan Platfom Pitit Dessalines, pou l sispann kolabore ak senatè Moise Jean Charles. Nou mande pou Daly VALET di piblikman fok lajitis fè limyè sou deklarasyon Mèt Newton St Juste yo. Daly VALET se yon modèl pou nou, nou pa deside pèdi l nan politik. Nou vle di ASE ak modèl nou yo ki vle pèdi nou nan chwa yap fè.