WAF KARYÈS LA DWE BYEN REFÈT

Nou menm moun Lagonav, nou leve vwa nou byen fò pou kriye rive jouk nan zòrèy otorite konsène yo, jouk nan zòrèy prezidan Privert pou nou di nou pa ka antere moun ankò nan zile a. Aprè fyète gonavyèn ki se te koz move kondisyon moun ap vwayaje, WAF KARYÈS la ki se yon malè pandye sou tèt nou dwe amenaje, se pa kole pyese li paske li deja malad jouk nan zo, tout fè yo fin wouye.

Kidonk, fòk li byen amenaje pou moun Lagonav ka vwayaje nan bon kondisyon. Nou denonse mòd konstriksyon prese prese san nòm sa yap fè sou WAF la. Nou di non, ZAK ASASINAY SA PAP PASE, se yon pwojè touye moun tou vivan li ye. Ann mobilize pou nou anpeche sa fèt.