ENARTS PAP KANPE

Gwoup moun nan sosyete sivil la, atis, etidyan konsène mande tout moun siyen 

 

 PETISYON pou ENARTS pa fèmen, pou refòm ak amenajman fèt kòmsadwa 

 

Tout atis, etidyan, pwofesè fanm kou gason, ak tout sitwayen ak sitwayèn peyi Dayiti ki kwè nan edikasyon kòm motè chanjman ak devlopman yon sosyete, patikilyèman sila yo ki kwè edikasyon atistik ak kiltirèl nan yon sosyete tankou sosyete ayisyèn nan ka ride peyi a devlope sou tout fòm, lè a rive pou nou di yon mo pou ENARTS ki se sèl grenn espas leta genyen k ap fè fòmasyon atistik ak kiltirèl nan peyi a, pa fèmen, pa kraze… Pote kole pou anpeche direksyon ENARTS detui lavi 11 etidyan k ap egzije refòm yo, vle mete deyò.

Se pou sa, anpil moun ki santi yo konsène kwè li enpòtan pou nou mete siyati nou anba petisyon sila a nan lide pou mande dirijan ki plase nan nivo ki pi wo nan estrikti leta a, pou yo fè ENARTS tounen yon priyorite nan domèn fòmasyon nan peyi a. Paske sa fè prèske ven lanne depi etidyan pa janm sispann fè mouvman pou sitiyasyon lekòl la chanje, pou refòm fèt nan tout nivo, anyen pa janm chanje, sof direktè ak kèk anplwaye ki chanje.

Gen yon dal rezon ki mande tout moun ki konsène ta fè jès sitwayen pou yo siyen petisyon an :

A- Etidyan yo mande fòk ENARTS gen yon estati ki ap di klèman a ki tit yon etidyan ki boukle etid li ap sòti aprè 4 lane etid ... 

Etidyan yo ap suiv kou nan kras, san materyèl akademik, twalèt ak espas kote etidyan yo ap evolye pafwa li konn pi mal pase kote yo gade zannimo.

B- Pou seksyon mizik la, nanpwen stidyo, nanpwen enstriman tankou pèkisyon, enstriman kòd, enstriman van, sal pou repetisyon ak pwofesè konpetan ki disponib, nanpwen diskotèk… 

C- Pou seksyon teyat la, nanpwen materyèl pou ekleraj, sonorizasyon nanpwen sal espektak, nanpwen bibliyotèk…

D- Nan zafè zèv plastik yo, nanpwen sal ekspozisyon, nanpwen pwofesè pou dirije pwojè etidyan yo, fondri a pa disponib pou etidyan yo…

E- Nanpwen okenn materyèl pou kou yo fèt, soti depi nan sal pou etidyan yo danse ki pa gen yon bon planche, materyèl pou son, douch pou yo benyen, dlo potab…

Sa yo se kèk nan pami yon dividal revandikasyon etidyan yo genyen, san n pa bliye lè yo fini y ap kite lekòl la san oryantasyon paske direksyon akdemik la pa mete okenn pwofesè pou oryante etidyan yo. Ki kalite kou yo bay etidyan yo? Ki fòmasyon pwofesè yo. Kiyès ki chita pou prepare pwogram ak modil kou yo nan ENARTS?

 

 

Si nou retounen pa egzanp sou akò ministè edikasyon nasyonal te siyen ak ministè kilti sou koze pwomosyon pou edikasyon atistik ak estetik la. Nou kwè se yon nesesite. Jodi a, li ijan pou dirijan yo ta mete sou pye yon pi bon pwogram ak bon jan anseyan ki byen fòme nan domèn kiltirèl, atistik ak estetik pou yon pi bon fòmasyon pou etidyan ENARTS yo. E, se pou rezon sa a, ki fè nou mande tout moun ki konsène siyen petisyon sa a, pou anpeche ENARTS fèmen, kraze elatriye.