Jwenn bon jan enfòmasyon se yon dwa, andikap mwen pa dwe yon baryè pou mwen jwi dwa sa a!

 

IMG-20210517-WA00781.jpgOrganisation des Handicapés en Action pour le Progrès

PETISYON POU  RANN ENFÒMASYON AKSESIB AK TOUT MOUN ESPESYALMAN AK MOUN ANDIKAPE

Janvye 2021

Nou menm ki siyen petisyon sa a, nou mande Leta :

1-       Pou li adapte tout dokiman ofisyèl yo  tankou lwa, avi…, epi sikilè  yon fason pou yo  rann yo aksesib ak  tout moun espesyalman moun andikape. Fòma aksesib yo se : Gran karaktè, ekriti Bray, fasil pou li ak konprann, odyovizyèl , soutitraj ak entèpretasyon nan lang siy, …

2-      Pou CONATEL pran bon jan  mezi pou enfòmasyon ki ap bay nan medya  yo aksesib sitou sa ki  ap bay sou rezo  sosyal yo ak  nan emisyon an dirèk yo.

3-      Pou li pran mezi nesesè  ki ap pèmèt lang siy ayisyen a  kodifye epi  rekonèt li   kòm yon twazyèm lang ofisyèl peyi a.

4-      Pou li devlope epi entegre yon modil fòmasyon sou aksesibilite enfòmasyon  ak lang siy nan pwogram fòmasyon jounalis ak etidyan nan syans kominikasyon yo.

5-       Pou li sansibilize sosyete ayisyèn nan sou enpòtans enfòmasyon aksesib ak adapte genyen pou enklizyon , patisipasyon ak otonomi moun andikape yo.

6-       Pou li fè rekritman pou pi piti yon espesyalis nan zafè enklizyon ak aksesibilite  ki ap sèvi pwen fokal nan  direksyon kominikasyon chak ministè ak lòt bwat Leta yo.

7-      Kreye yon selil aksesibilite enfòmasyon ki genyen ekspè nan zafè enklizyon, andikap ak aksesibilite  nan ministè kominikasyon ak CONATEL.  


OHAP(Organisation des Handicapés en Action pour le Progrès)    Contacter l'auteur de la pétition

Signer cette pétition

En signant, j'autorise OHAP(Organisation des Handicapés en Action pour le Progrès) à transmettre les informations que je fournis sur ce formulaire aux personnes ayant un pouvoir de décision sur cette question.

Nous ne publierons pas votre numéro de téléphone en ligne.







Publicité payante

Nous ferons la promotion de cette pétition auprès de 3000 personnes.

Apprendre encore plus...